Date: Wed, 4 Nov 1998 15:14:41 -0800 (PST)
From: Robert Corbett <bcorbett@netcom.com>
Subject: Kreyol without toil
To: Bob Corbett <bcorbett@netcom.com>
Message-ID: <Pine.3.89.9811041515.A6111-0100000@netcom9>
From: Emmanuel W. Vedrine <evedrine@hotmail.com>
| abondone yon fanmi: | to abandon a family |
| abandone yon zanmi: | to forsake a friend |
| abite nan yon katye: | to live in a neighborhood |
| abite nan yon kay: | to live in a house |
| abitwe ak chalE: | to accustom to (the) heat |
| abiye yon mannken: | to dress a mannequin |
| abiye yon timoun: | to dress a child |
| abize yon timoun: | to abuse a child |
| abize yon inosan: | to abuse an innocent person |
| abOde yon moun: | to approach someone |
| abOde yon pwoblEm: | to approach a problem |
| aboli esklavay: | to abolish slavery |
| aboli yon lwa: | to abrogate a law |
| absObe grEs: | to blot grease |
| acheve yon pwojE: | to complete a work |
| achte chat nan sak (nan makout): | to buy a pig in a poke |
| achte figi yon moun: | to flatter someone |
| achte yon aparEy televizyon: | to buy a T.V set |
| achte yon kay: | to buy a house |
| admEt yon tO: | to admit a guilt |
| admire yon moun: | to admire someone |
| adopte yon timoun: | to adopt a child |
| adore imaj taye: | to worship idols |
| afekte yon moun : | to affect someone |
| afekte yon rezilta: | to have an effect on an outcome |
| afiche yon anons: | to post a notice |
| aflije pa yon mOtalite: | to lament on a death |
| agrandi yon chanm kay: | to widen a room |
| agrandi yon imaj: | to magnify an image |
| agrave yon maladi: | to aggravate an illness |
| agrave yon sitiyasyon: | to complicate a matter |
| y agrese yon moun: | to harass someone |
| aji ak sajEs: | to act wisely |
| y aji kOm enbesil: | to act like a fool |
| aji san reflechi: | to act without thinking |
| aji tankou bEt: | to act like animals |
| ajiste yon pyEs: | to adjust a part |
| ajoute sEl nan manje: | to add salt to food |
| ajoute yon mo: | to add a word, to insert a word |
| akize yon moun: | to accuse someone |
| akize yon moun pou yon bagay: | to accuse s.o for sth. |
| akize yon prezidan: | to impeach a president |
| akOde yon moun azil politik: | to grant political asylum to s.o |
| akomode yon vizitE: | to accomodate a guest |
| akonpli yon bi: | to reach a goal |
| akonpli yon misyon: | to accomplish a mission |
| akonpli yon pwomEs: | to fulfill a promise |
| akouche yon timoun: | to give birth to a child |
| aksantye sou yon mo: | to stress on a word |
| akselere yon vitEs: | to accelerate a speed |
| ale-vini: | to go back and and forth (also: fE ale-vini) |
| ale fE vakans: | to on vacation |
| ale fE yon pwomnad: | to go for a walk |
| ale bwachat: | to kick the bucket, to die |
| ale-chEche: | to fetch |
| ale dousman: | to go slowly |
| ale kay yon zanmi: | to go over a friend house |
| ale legliz: | to go to church |
| ale lekOl: | to go to school |
| ale nan inivEsite: | to go to university, college |
| ale nan lesiv: | to go to the laundry (also: al fE lesiv) |
| ale nan rekreyasyon: | to go out for recess |
| ale nan repetisyon: | to rehearsal |
| ale nan sinema: | to go to the movies |
| ale tou dwat: | to go straight; go straight |
| alonje yon kOd: | to lengthen a rope |
| ame jouk nan dan: | to be well armed |
| ame yon sOlda: | to arm a soldier |
| amelyore yon kondisyon: | to improve a situation |
| analize yon pwoblEm: | to consider a problEm |
| analize yon dokiman: | to analyse a document |
| analize yon sitiyasyon: | to analyze a situation |
| anbrase yon moun: | to hug someone; to kiss someone |
| anchene yon chen: | to chain a dog |
| anchene yon prizonye: | to put a prisoner in chains |
| andoye yon ti sik nan kafe a: | put a little sugar in the coffee |
| anfEmen yon apatman: | to lease an apartment |
| andose yon chEck: | to endorse a check |
| anfante yon timoun: | to give birth to a child |
| anfonse yon pOt: | to break in a door |
| anfounen bisuit: | to bake bread |
| angrese yon kochon: | to fatten a pig |
| anile yon kontra: | to void a contract |
| anile yon randevou: | to cancel an appointment |
| anile yon match: | to cancel a game |
| anile yon vOl: | to cancel a flight |
| ankadre yon foto: | to frame a picture |
| ankadre yon tablo: | to frame a painting |
| ankouraje patisipasyon: | to encourage participation |
| ankouraje yon moun: | to encourage someone |
| anlve yon kouvEti: | to remove a cover |
| anlve yon tach: | to brush off a spot |
| amadwe yon moun fE yon bagay: | to persuade someone to do sth. |
| anonse Levanjil: | to preach the Gospel |
| anonse yon nouvEl: | to announce the news |
| anpAn gaz: | to run out of gas |
| anpAn kawotchou: | to have a flat tire |
| anpAn lajan: | to run out of money |
| anpile bwat sa yo la a: | stack the boxes here. |
| anpile fatra: | to pile up trash |
| antre a se kenz goud: | the admission is fifteen goud. |
| antre nan politik: | to go into politics |
| antre nan yon biwo: | to get in an office |
| antre nan yon ekip: | to join a team |
| antre nan yon kay: | to enter a house |
| antre nan yon pOt: | to enter through a door |
| antre nan yon sendika: | to enter the union |
| antre sou pwopriyete yon moun: | to trespass on s.o's property |
| antrene yon sOlda: | to train a soldier |
| antreprann yon vwayaj: | to go on a trip |
| anvayi ak dlo: | to be overflooded |
| anvayi yon vil: | to invade a city |
| anvi fE yon bagay: | to feel like doing sth. |
| anvizaje yon bagay: | to envy something |
| anvizaje gen yon bagay: | to look forward to have sth. |
| anwole nan lame: | to enlist (s.o) in the army |
| apateni a yon Oganizasyon: | to belong to an organization |
| apEsi yon moun: | to catch a glimpse of someone |
| apiye sou yon poto: | to lean against a pole |
| apiye yon kandida: | to back up a candidate |
| apiye yon moun: | to support someone |
| aplike yon lwa nan yon ka patikilye: | to apply a law to a particular case |
| aplike pou yon travay: | to apply for a job |
| aplodi nan yon match: | to cheer at a game |
| aplodi yon diskou: | to applaud a speech |
| aprann li ak ekri: | to learn how to read and write |
| aprann yon bagay pa kE: | to lean sth. by heart |
| aprann yon lang: | to learn a language |
| aprann yon metye: | to learn a trade |
| aprann vit: | to learn fast |
| apwouve yon nominasyon: | to confirm an appointment |
| apwouve yon bagay ofisyElman: | to agree formally to sth. |
| apwouve yon kontra: | to ratify a contract |
| apwouve yon demann: | to approve a request |
| arete yon moun: | to arrest someone |
| asepte yon bagay: | to accept something |
| asepte fE yon bagay: | to accept to do sth. |
| asepte yon desizyon: | to compromise on a decision |
| asepte yon pwopozisyon: | to accept a suggestion |
| asire yon kay: | to ensure a house |
| asire yon maching: | to ensure a car |
| asite yon reyinyon: | to attend a meeting |
| asite yon moun nan yon travay: | to help s.o with the work |
| asosye ak zenglendo (vOlE): | to associate with thieves |
| atake yon Enmi: | to attack an enemy |
| atake yon moun: | to attack someone |
| atake yon pwoblEm: | to tackle a problem |
| atann sa k ap rive: | to expect what is going to happen |
| atenn yon bi: | to achieve one's goal |
| ateri yon avyon: | to land an airplane |
| atrap yon boul: | to catch a ball |
| atrape yon grip: | to catch a cold |
| atrape yon maladi: | to catch a disease |
| awoze tE: | to irrigate land |